Chè Paran/Gadyen,

“The Florida Assessment of Student Thinking (FAST)” (Evalyasyon nan Florid sou Fason Elèv Reflechi) se yon zouti pou kontwole pwogrè yo pral administre twa fwa nan ane a pou swiv pwogrè elèv ou a nan “Benchmarks of Excellent Student Thinking (B.E.S.T.) Standards” (Meyè Referans Estanda Aprantisaj sou Fason Elèv Reflechi) pandan tout ane lekòl sa a. Objektif lèt sa a se pou enfòme w elèv ou a pral patisipe nan twazyèm administrasyon (PM3) nan Klas 3, 4,5 ane eskolè nan (Evalyasyon nan Florid sou Fason Elèv Reflechi (FAST) Lekti and Mathematics nan dat 3rd Reading-May 6, Math May 13. 4th and 5th Reading- May 8, Math- May 15.. Nou ap sèvi avèk rezilta elèv ou a nan PM3 pou montre kijan elèv ou a te metrize estanda kontni pou klas la, e lekòl ou a ap voye enfòmasyon pou ou konsènan fason pou jwenn rezilta yo. 

Evalyasyon FAST yo se egzamen ki adapte sou òdinatè elèv yo ap pran sou yon òdinatè oubyen yon tablèt. Kesyon yo ka vin pi fasil oubyen pi difisil daprè fason elèv la reponn, epi chak elèv ap wè kesyon diferan nan yon ekip atik komen. Chak tantativ egzamen (PM1, PM2, ak PM3) pral prezante atik ki pral kouvri tout “plan” egzamen an, sa vle di elèv yo pral rankontre atik ki reprezante estanda yo nan matyè a oubyen nan nivo klas la. Pou plis enfòmasyon sou fason yo kreye egzamen an, silvouplè vizite https://www.fldoe.org/accountability/assessments/k-12-student-assessment/best/. Si oumenm oubyen elèv ou a ta renmen entèraji avèk platfòm egzamen sou Entènèt la oubyen revize echantiyon Lekti [and Mathematics] FAST la lakay ou, gen kesyon ak echantiyon egzamen pou kèk klas/sijè ki disponib nan https://flfast.org/families.html

Silvouplè revize règleman sa yo ak elèv ou a anvan li pran egzamen an:

·       Aparèy Elektwonik—Elèv yo pa gen pèmisyon pou yo gen okenn aparèy elektwonik, ki gen ladan, men ki pa limite ak telefòn pòtab, ‘smartphones’ (telefòn entèlijan), linèt entelijan ak ‘smartwatch’ (mont entèlijan), nenpòt lè pandan egzamen an oubyen pandan yon ti pòz (pa egzanp, al nan twalèt), menmsi aparèy yo etenn oubyen elèv yo pap sèvi ak yo. Si yo jwenn elèv ou a avèk yon aparèy elektwonik oubyen yon l ap itilize ‘Bluetooth/kas sanfil/ekoutè pandan egzamen an, y ap anile egzamen li a.

·       Règleman Konsènan Kalkilatris—Pou evalyasyon Matematik Klas 7èm –8èm ane FAST yo, elèv yo ka itilize kalkilatris syantifik mànyèl yo apwouve. Pou Matematik Klas 6èm ane, elèv yo ka itilize kalkilatris mànyèl kat fonksyon yo. Nou entèdi itilizasyon kalkilatris pou Klas Matematik 3èm-5èm ane eskolè. 

·       Apwobasyon Règleman Egzamen Yo—Tout egzamen yo genyen yon Apwobasyon Règleman Egzamen yo ki di: “Mwen konprann règleman egzamen yo, yo fenk li pou mwen an. Si mwen pa suiv règleman sa yo, nòt egzamen mwen an ka anile.” Anvan elèv yo pran egzamen an, administratè egzamen yo li règleman yo pou yo, epi elèv yo dakò yo konprann règleman egzamen yo lè yo klike sou bwat sekirize a pou demontre yo konprann règleman egzamen yo.

·       Diskite Kontni Egzamen An Apre Ou Fini Egzamen an—Dènye pòsyon règleman egzamen an yo li pou elèv yo anvan yo klike sou bwat pou aksepte Règleman Egzamen yo di, paske kontni tout evalyasyon atravè eta a sekirize, elèv yo pa dwe ni diskite ni revele detay sou kontni egzamen an (tankou sijè egzamen yo oubyen kèk pasaj) apre yo fin pran egzamen an. Sa vle di nenpòt fòm kominikasyon elektwonik, tankou voye tèks mesaj, imèl, oubyen poste sou sit medya sosyal yo. Silvouplè asire w elèv ou a konprann règleman sa a anvan li pran egzamen an epi raple li "diskite" kontni egzamen an gen ladan nenpòt fòm kominikasyon elektwonik, tankou voye mesaj tèks, imèl, poste sou medya sosyal, oubyen pataje sou entènèt. Pandan elèv yo pa ka pataje enfòmasyon sou kontni egzamen sekirize a apre yo fin pran egzamen an, règleman sa a pa anpeche elèv yo diskite sou eksperyans egzamen yo ak paran/fanmi yo. 

·       Travay yon Fason Endepandan—Elèv yo responsab pou fè pwòp travay pa yo pandan egzamen an epi pou yo pwoteje repons yo pou lòt elèv pa wè yo. Si yo jwenn elèv yo ap triche pandan egzamen yo, egzamen elèv sa yo ap anile. 

·       Kite Kanpous Lekòl La—Si elèv ou a kite lakou lekòl la anvan li fini yon sesyon egzamen (pa egzanp, pou l al pran manje midi, osinon al nan yon randevou), li pap gen dwa retounen nan sesyon egzamen sa a. Si elèv ou a pa santi li byen nan jou egzamen an, li ka pi bon pou li rete tann epi pran egzamen an nan yon jou ratrapaj. Silvouplè sonje pa pran randevou nan jou egzamen yo.

·       Akomodasyon Pou Egzamen Yo—Si elèv ou a gen yon “Individual Education Plan (IEP)” (Plan Edikasyon Endividyèl), yon Plan Seksyon 504, oubyen li se yon “English Language Learner (ELL)” (Elèv k ap Aprann Lang Anglè) oubyen yon elèv ki fènk soti nan pwogram ELL la, silvouplè kontakte lekòl la pou diskite akomodasyon pou egzamen yo pral bay elèv ou a. 

·       Iregilarite nan Egzamen yo — Nan ka yon iregilarite rive nan sal egzamen elèv ou a, nan kad yon ankèt lekòl la ap fè, yo ka poze elèv ou a kesyon pou bay klarifikasyon sou ensidan an.  Anplis, elèv ou a ka oblije repran evalyasyon an si yo rapòte yon iregilarite ki sispèk ki ka afekte validite rezilta egzamen yo.

 Si ou gen nenpòt kesyon ki gen rapò ak jan yo bay egzamen sa a, ou ka kontakte Jessica Games nan gamesj@lake.k12.fl.us.  Pou plis enfòmasyon sou pwogram FAST la, silvouplè vizite pòtal la nan https://flfast.org/fas.html.

Mèsi paske ou sipòte elèv ou a epi ankouraje li pou li fè tout sa li kapab pou li byen patisipe nan egzamen an.

Sensèman, 

Susan Jordan

Principal